Vous êtes le       ème visiteur 
 

         
     Listwa Nou  
      (Notre histoire)
       


K
Lekti se pouvwa,
 
Tankou imotel Dany Laferrière di lekti se you vwayaje nan epok ak nan peyi ki lwen. Lekti pémét nou  aprann sou tout sa ki egziste sou laté tankou lanati zannimo kilti ak peyi lot nasyon ki byen lwen e sitou lekti aprann nou ekri.
Oui lekti aprann moun ekri pa janm gen you gran ekriven you gran powét ki pat déjà you gran lekté.

Liv se you bon zanmi ki ofri ou konesans plezi ak detant san li pa mande ou anyen an retou. Liv pémét ou imajine reve tout bél bagay li rakonte yo men sitou li bay ou zél pou ou volé ale kote pye ou pa ta janm ka mennen ou. Mwen pa ka di ke mwen se you model de reyisit m'en tout sa mw reyalize nan vi m déjà m rive reyalize yo gras ak lekti. Lém t gen 9 an m t li istwa Tour Eiffel an Frans m t rêve al vizite l you jou. Lé m t di you tizanmi m ke vle ale anfrans pou m vizite Tour Eiffel li t ri m li t di m " ou pap janm gen ase lajan " Rév sila t rete vivan nan mwen pandan lontan rév saa t menm tounen leit motiv mw. 10 lane apré m t rive reyalize rév saa !
Koman? San lajan Avek sél richess ke m t genyen ki pa lot ke tout konesans ke m t tire nan liv.
Se rév saa m ta renmen pataje ak timoun Kanperen.
 
Se ak anpil jwa anpil eksitasyon anpil freyé ke map prezante nou jodia you projet ki pa lot je you kléb lekti ki pote non TL&C (Tender Love & Care).

TL&C se you kléb lekti ke nou 3 jén Kanperen deside mete sou pye pou ankouraje you relasyon m zanmitay ant timoun Kanperen ak liv.

TL&C ofri timoun yo you espas pou yo aprann pandan ke yo ap jwe. Nou gen you program ki gen lekti, jwét, sinema, penti, ak vizit sit touristik. Jodia fé you mwa sélman dépi nou lanse projé sa à men li pap ka rive two lwen san sipo nou.

Map lanse you apél solidarité à tout moun ki kwé ke menm jan avék nou ke "Lekti se pouvwa" vin pote kole pou retire timoun yo nan feyton ak nan film ki pa pou laj yo. Ann mete liv ak you kreyon koulé nan men timoun yo pou yo ka imajine, desine e pita pou yo ka kreye bél katye, bél komin, bél depatman, bél peyi e poukipa bél mond ki nan ke yap imajine e reve chak jou à.
 

Kamperen 06/2016
 


 



Créer un site
Créer un site